| |
JÒN |
- Toujou swiv bilten meteyo ak konsiy otorite yo ak Pwoteksyon Sivil. Pa koute rimè.
- Si n ap mennen aktivite sou lanmè oswa bò lanmè ki depann anpil de kondisyon tan an, swiv enfòmasyon sou meteyo lanmè epi mete an aplikasyon konsiy alèt otorite yo bay.
- Pa fè gwo deplasman san bezwen, kit nan machin, kit apye, sou bòdmè a.
- Mete zafè nou ak tout papye enpòtan nou yon kote ki asire pou yo pa pran dlo pou si ta dlo ta monte epi gwo vag ta anvayi bòdmè a.
- Verifye tout sa n ap bezwen an rezèv (manje ki p ap gate ni pou tibebe tou, dlo trete ak dlo pou sèvi, pil [batri], radyo, flach, medikaman...).
|
| |
ORANJ |
- Toujou swiv bilten meteyo epi respekte konsiy alèt otorite yo ak Pwoteksyon Sivil ap fè pase nan megafòn, radyo, televizyon, sou entènèt ak rezo soyal ofisyèl yo. Pa koute rimè.
- Evite deplase bò lanmè, kit se apye, kit se nan machin. Si nou oblije fè sa, pran anpil prekosyon epi pa pran wout kote gwo vag ka frape oswa ki gentan anba dlo.
- Si nou abite bò lanmè, menm si se yon kote ki wo (falèz), chèche yon abri ki asire yon lòt kote epi pran dispozisyon pou nou ale la.
- Sekirize fenèt ak pòt kay kote ou rete a, ki bay sou lanmè.
- Verifye tout sa w ap bezwen an rezèv (manje ki p ap gate ni pou tibebe tou, dlo trete ak dlo pou sèvi, pil [batri], radyo, flach, medikaman...)
- Maren, amatè ak kaptenn bato, péchè, operatè kabotaj, plezansye ak lòt pwofesyonèl lanmè, evite pran lanmè. Evite pratike aktivite nou konnen mennen sou lanmè. Pran anpil prekosyon si nou oblije soti epi mete ekipman sekirite nou (jilè) lè nou abò.
- Si sa nesesè, pwoteje bato ak kannòt yo. Bwote yo epi mare yo lwen rivaj la.
- Voye je sou moun ki vilnerab yo (grandèt, moun andikape... ) oswa ki ka bezwen swen (malad, fanm ansent...). Kontakte yon lopital si gen bezwen.
|
| |
WOUJ |
- Toujou swiv bilten meteyo epi respekte konsiy alèt otorite yo ak Pwoteksyon Sivil ap fè pase nan megafòn, radyo, televizyon, sou entènèt ak rezo soyal ofisyèl yo. Pa koute rimè.
- Pinga sikile bò lanmè, kit se apye, kit se nan machin.
- Pran anpil prekosyon, deplase ale lwen bòdmè a (rivakj, plaj, pò, falèz, wout sou lakòt).
- Si nou abite bò lanmè, menm si se yon kote ki wo (falèz), ale prese prese nan yon abri ki asire yon lòt kote.
- Fèmen fenèt ak pòt kay kote ou rete a, ki bay sou lanmè.
- Asire ou genyen rezèv dlo ak manje ki p ap gate soulamen, ansanm ak materyèl ekleraj ak premye sekou.
- Maren, amatè ak kaptenn bato, péchè, operatè kabotaj, plezansye ak lòt pwofesyonèl lanmè, pinga pran lanmè. Kanpe sou tout aktivite nou konnen mennen sou lanmè.
- Pwoteje bato ak kannòt yo san pèdi tan. Bwote yo epi mare yo lwen rivaj la.
|